Si Prezidan an ta mande ekri yon diskou pou li
Si Prezidan Ayisyen ta mande mw ekri diskou li a nasyon an, men ki sa mw t ap pwopoze.
Konpatryot Ayisyen, se ak anpil imiliite mw vini pale avek nou jodi a sou sitiyasyon difisil peyi nou an ap traverse e kisa nou pral fè ansanm pou nou sòti ladan li.
Se nou menm pèp Ayisyen ki bay pouvwa e lè nou pale ni mwen ni tout lòt manm gouvènman an tande. Nou te pale 6, 7, 8 jiyè. Nou te pale 17 oktòb. Nou sot pale ankò semèn 19 novanm ki sot pase a. Mw vle di nou ke mw tande nou.
Mw tande kri nou ki di nou pa kapab ankò ak system sa a ki pa reponn ak bezwen majorite nan nou. Mw tande nou lè nou pale de responsablite leta a genyen, responsablite mw genyen pèsonèlman e ke mw ak tout gouvènman an genyen pou nou rann kont a nasyon an. Mw tande rèl nou ki ap mande « kote kòb petwo karibe a? ». Mw tande soufrans moun nan lasalin, site de Dye, Gran ravin ak lòt katye kote lamizè ak ensekirte ap taye banda. Twòp jèn ap tonbe nan move kondisyon. Twòp richès sèvo ap kite peyi a pou yo al chèche yon lavi miyò. Mw tande kri manman ak papa ki bezwen travay, bon lekòl, epi sekirite pou yo ka viv an pè.
Mw tande pwoblèm ki poze nan lajan pèp la ap peye pou pwogram petwokaribe a. Mw di tout moun dwe rann kont! Komanse sou mw epi fini sou dènye konpayi ki te jwen kontra fòk tout moun rann kont. Se pou sa se dènye fwa m ap pale nan dosye petwokaribe a paske gen yon jij ki deja ap travay sou li. Mw pap rantre nan dosye a e m ap kite lajistis fè travay li. Sèl sa mw ka fè se mande piblikman pou premye minis lan ak minis ki apwopriye yo pou yo pran tout dispozisyon pou yo bay jij la tout sa li bezwen pou li ka fè yon travay ki ekitab. Mw konnen li ka bezwen gen aksè a kèk ekspè nasyonal ak entènasyonal pou ede li nan travay la, fòk li gen tout mwayen ak latitid pou li travay. M ap mande tout enstitisyon piblik pou yo mete tout achiv yo a la dispozisyon jij la ak ekspè yo pou yo ka travay. Mw pran yon angajman solanèl devan nasyon an pou mw di pwosè petwokaribe a ap fèt san fòs kote.
Mw konnen nou gen anpil pwoblèm e tout bagay enpòtan, tout bagay ijan men nou paka fè tout bagay e nou pa gen mwayen pou nou fè tout bagay an menm tan. Kidonk nou oblije kòmanse yon kote. Mw pa vin fè pwomès men mw vin di nou ke mw menm ak tout gouvènman an pral travay pou nou reponn klè kou dlo kòk sou kisa nou ka fè e ki lè na p fè li.
Premye kote mw vle komanse se nan mete lòd lakay nou.
Mete lòd vle di redwi tout depans palè nasyonal. Mw mande pou n redwi depans yo omwens 50%. Map redwi per diem Prezidans lan epi mande sekretè palè elimine tout depans ki pa absoliman nesesè.
Mete lòd vle di elimine acha machin nan leta a epi pi byen jere pak machin nou genyen yo. Se ap yon opòtinite tou pou leta kreye yon garaj pou fè sèvis machin li yo pandan ke n ap fòme e kreye travay pou jèn fanm ak jèn gason
Mete lòd vle di pibliye lwa ki an soufrans yo tankou rezilta eleksyon dezyèm degre ki te fèt yo pou popilasyon an ka finalman gen yon reprezantan lokal nan konsèy minis la jan konstitisyon an mande li a
Mete lòd vle di chita ak tout sektè pou nou gen yon konsèy elektoral pèmanan
Mete lòd vle di mete kanpe konsèy konstitisyonèl la
Mete lòd vle di plis transparans nan depans leta. Se pou sa m ap mande tout ministè pou yo di popilasyon ki 5 pryorite yo genyen pou pwochèn 3 lane ki ap vini yo e ki rezilta popilasyon dwe atann de yo. M ap mande yo tou, chak mwa, pou yo vin prezante bay nasyon an ki kote yo ye ak priyorite sa yo, kijan y ap vanse, ki pwoblèm yo jwen e kisa yo ap fè pou rezoud pwoblèm sa yo
Mete lòd vle di pou nou restore otorite leta. Sa dwe kòmanse ak sila yo ki gen opòtinite pou yo travay nan leta a pou yo bay sèvis. Sa vle di tou nou tout ki nan leta a gen obligasyon pou nou respekte tout lwa yo. Sa vle di fòk tout minis deklare patrimwàn yo, peye taks epi fè deklarasyon definitif enpo yo. Sa mande tou pou tout moun ki nan leta respekte lwa sikilasyon yo, sispann itilize sirèn pou w pase devan sitwayen yo ki se patwon nou. Restorasyon otorite leta dwe kòmanse ak moun ki nan leta a avan li rive sou sitwayen yo.
Depi nan peryòd kanpay mw e aprè mw toujou pale de kèk gran chantye pou gouvènman mw an. Premye minis la nan deklarasyon politik li te fè devan nasyon an te vin ranfòse estrateji pou travay sou chantye sa yo. Jodi a mw vle chita sou kèk priyorite ke nou pral mete aksan sou yo nan 3 lane ki rete m yo.
Edikasyon: tout paran konnen se lediksayon ki ap pèmèt pitit yo gen yon vi miyò. Mw menm mw kwè nan ledikasyon kòm sèl mwayen pou nou chanje lavi chak sitwayen epi chanje peyi a. Se pou sa mw mande Premye minis ak minis edikasyon an pou yo :
Akselere konstriksyon oswa reparasyon lekòl piblik yo, mete bonjan materyèl ladan yo; epi peye tout aryiere nou dwe pwofèsè yo
Asire ke tout lekòl piblik oswa prive reponn ak nòm yo. N ap ankouraje tout moun ki se pwofèsyonèl nan domèn lan e ki se antreprenè ki vle ouvri yon lekòl pou yo fè sa men nou pap akspte lekòl miwo miba, lekòl ki ap fèt nan de pyès kay anko. Leta ap pran tout dispozisyon pou li ede antreprenè/edikatè sa yo jwen espas apwopriye pou lwe ak yon bon pri, n ap asire nou ke leta akonpaye tout lekòl men tou nou pap aksepte pou yon manman ak papa pitit ki fè tout kalite sakrifis pou li peye yon lekòl epi pou li pa jwen bon sèvis. Fòk espas yo korèk men tou fòk pwofèse yo gen nivo. Fòk leta fè travay li pou li asire edikasyon timoun yo.
Nou pral pale ak patnè entènasyonal nou yo pou yo travay ak minis edikasyon e minis lagrikilti an pou nou ka elaji pwogram kantin skolè a pou timoun ki nan lekòl prive nan zòn defavorize yo. Epi n ap mande minis agrikilti a pou li asire li ke se pwodwi lokal ki antre nan pwogram sa a ki ap pèmèt nou tou bay jarèt a pwodiksyon lokal nou yo
Agrikilti: sektè agrikòl la se youn nan pi gwo pati nan ekonomi nou an. Li reprezante plis pase 25% nan PIB e se sektè ki kreye plis travay ak lajan nan peyi a. Sa vle di estabilite ekonomik peyi a chita sou sektè agrikòl la. Se pou sa mw mande Premye minis ak minis agrikilti pou yo:
Vini ak yon plan pou devlope filyè ki gen plis potensyèl yo
Envesti nan sektè a pou nou ka redwi enpòtasyon de 30% nou nan 3 zan ki ap vini yo
Mete yon system an plas pou bay agrikiltè nou yo jarèt pou yo ka vin pi konpetitif
Jistis: tout sosyete ki vle evolye bezwen yon sistèm jistis ki djanm. Se lajistis ki tranche e se lajistis ke pèmèt tout sitwayen jwi dwa yo. jistis la dwe administre san fòs kote. nou bezwen bay sitwayen yo konfyans ke tout aktè yo ap fèt travay yo epi rann kont. Sa vle di yon sistèm kote sitwayen yo ka pote plent epi yo ka tande yo. Se pou sa mw mande Premye minis ak minis jistis pou yo :
Vini ak yon plan pou refòme sistèm lan. Pa gen yon sitwayen yon kote ki dwe panse jistis nou an pou vann. Mwen mande minis jistis la pou li prezante plan refòm bay nasyon an sa a nan 3 mwa
Deklare 6 mwa ki ap vini yo yon mouvman travay san kanpe pou nou rezoud pwoblèm detansyon pwolonje an. Fòk lajistis ka travay pou lage moun ki inosan yo epi kenbe sila ki koupab yo. Li pa nòmal pou yon moun ki inosan pase yon ji nan prizon. Li pa nòmal pou yon moun ki te dwe pase twa mwa nan prizon twouve li fèmen toujou 3zan aprè. Enjisitis sa yo pa dwe fè pati de jistis nou an.
Travay ak palman an pou nou refòme lwa yo epi pran tout dispozisyon pou nou edike popilasyon sou dwa li
Pou nou jwen estabilite ekonomik, nou bezwen estatibilte politik. Sa fè plis pase 215 lane peyi nou nan gen yon chire pit ant pitit li yo. Nou bezwen rive mete nou dakò sou Ayiti nou vle a. Pou sa fèt, fòk nou menm pitit peyi a kapab chita youn ak lòt pou nou deside kijan nou pral devlope sosyete a. Mw deja mande Premye minis la, ki gen responsablite pou li koòdone aksyon gouvenman an, pou li chita ak sitwayen ki wè bagay yo yon lòt jan e ki ta vle pwopoze lòt apwòch.
Nan responsablite pa mw pou mw asire bòn mach enstitisyon yo, mw vle lanse yon apèl pou nou finalman fè konferans nasyonal la ke defen Tunep Delpe te toujou ap mande a. Jodi li lè pou nou chita youn ak lòt, gade youn lòt nan je pou nou di men kisa nou pral fè ak peyi a. Gwo deba sa yo ap fèt nan transparans ak tout aktè òganize nan sosyete a. Mw pwopoze yon delè 1 an pou nou fè travay sa a men n ap bay popilasyon yon rapò chak mwa sou avansman diskisyon yo.
Pèp Ayisyen, mw vle louvri yon lòt chapit nan listwa nou kòm nasyon. Zansèt yo te fè 1803 pou libète nou. Jodi a mw vin devan nou pou mw mande nou, ansanm, ann fè yon lòt revolisyon ki ka pèmèt tout pitit peyi a jwi dwa yo e jwe patisyon pa yo nan developman Ayiti nou tout vle a.
Viv Ayiti!
Otè: Johnny Celestin